Se tès n ap fè. Pa gen okenn ijans.
KISA :
Dimanch 23 septanm 2007, reprezantan lokal, reprezantan leta ak reprezantan fedeal ap fè egzèsis pou evalye livrezon medikaman si ta gen yon ijans.
KOTE :
Faktè ap fè livrezon ti bwat katon vid nan apeprè 23 000 adrès nan diferan zòn Boston : South End (02118) ak West Roxbury (02132). Ap gen yon lapolis ak tout faktè yo pandan tès sa a ap fèt.
POUKI :
Si ta gen yon atak biyoteworis nan Boston, gen anpil moun k ap bezwen medikaman pou swen ijan tousuit. Youn nan metòd n ap itilize pou livrezon medikaman yo se sèvi faktè lokal. Pou tès sa a, bwat vid la sipoze reprezante medikaman pou swen ijan ki ta anpeche moun malad si ta gen yon atak biyoteworis.
Si vreman ta gen yon ijans, lè sa a fòk ou koute estasyon radyo lokal osnon gade televizyon pou w koute nouvèl reprezantan lokal pou w konnen kijan pou w pwoteje tèt ou epi kijan pou w jwenn èd.
DETAY SOU EGZÈSIS LA :
Moun ki rete nan kòd postal 02132 ak 02118 ap resevwa kat postal nan lapòs semèn anvan tès la kòmanse. Kat postal ak ekri nan lang anglè ak panyòl L ap gen efòmasyon enpòtan ekri landan li. Tanpri mande moun tradui li pou ou.
Egzèsis la ap kòmanse bonè nan maten dimanch 23 septanm e l ap fini nan fen apremidi. Faktè a ap fè livrezon bwat katon ak lèt la lakay ou. Faktè ap gen yon lapolis Boston ak inifòm k ap mache ak li. Gade nan seksyon Kesyon popilè a pou w jwenn plis enfòmasyon.
W ap jwenn enfòmasyon tou nan sit entènèt vil Boston epi nan Komisyon sante piblik Boston.
Se sèlman yon tès n ap fè. Pa gen anyen pou oumenm ou fè.
|