lcorner   rcorner
rblogo3
Trang Nhÿt
Ủy Ban Y Tế Công Cộng Boston
Chuẩn Bị Ứng Phó Vì Sức Khỏe Cộng Đồng
Trang Web về việc Chuẩn Bị Ứng Phó của Thành Phố Boston
 
Những Câu Hỏi Thường Gặp
 
Tôi có thể chuẩn bị như thế nào?
 
Tờ bướmr
Tấm thiệp
 
Kat sou 02118
Kat sou 02132
 
Tin Tÿc
 
Liên Lÿc
 
En Español
Em Português
An Kreyòl
中文
Bằng Tiếng Việt
In English

Egzèsis pou konnen kijan pou pare pou ijans

Kesyon popilè

  1. Kisa pou m fè lè faktè a mete bwat la nan bwatolèt ?
    Ou pa bezwen fè anyen. Si w vle, mete bwat ak lèt la nan resiklak osnon kenbe yo si w vle.

  2. Èske lapolis la ap vin jis devan pòt la ?
    Non, lapolis ki vin ak faktè a pa p vin jis devan lakay ou. Lapolis la ap rete akote machin lapòs la osnon sou twotwa a.

  3. Pouki pou lapolis la patisipe nan egzèsis la ?
    Si gen ijans, gen anpil moun ki ka bezwen medikaman tousuit pou yo pa malad. Lapolis la ap ofri faktè ak medikaman yo sekirite pandan livrezon, kidonk l ap ede faktè a fè tout livrezon yo san danje epi pi vit posib.

  4. Èske se tout adrès k ap resevwa yon bwat katon ?
    Tout adrès nan kòd rejyonal 02132 ak 02118 ap resevwa yon bwat ak yon lèt. Si bwat katon ak lèt la pa rantre nan bwatolèt la oswa nan twou pòt lapòs la, faktè ap kite ni bwat la ni lèt la devan pòt la.

  5. Èske mwen oblije nan kay la lè faktè a vini ?
    Non. Faktè a ap kite vwat ak lèt la menm jan si li t ap fè livrezon lapòs nenpòt lòt jou.

  6. Men pouki se kounye la n ap fè egzèsis tès sa a ?
    Òganizatè nan Boston epi nan 20 lòt gwo vil peyi a ap travay ansanm ak anplwaye USPS pou wè kijan faktè ka ede nan livrezon medikaman kay moun si ta gen ijans. Egzèsis nan Boston sa a se dènye nan yon seri egzèsis. Gen egzèsis USPS ki te fèt Seattle epi Philadèlfi nan ane pase e gen de lòt pi devan nan de lòt gwo vil.

  7. Kisa w ap eseye aprann nan egzèsis tès sa a ?
    Ajans k ap patisipe yo ap fè tès sa a pou yo aprann kijan livrezon medikaman ka itil nan ijans. Y ap etidye pou wè kijan medikaman ap pare pou livrezon, kijan ekip livrezon yo ap tabli epi kijan livrezon yo ap fèt.

    Apre egzèsis tès la fini, Depatman ameriken pou sante piblik ak sèvis imen ansanm ak Sèvis lapòs ameriken an ap egzaminen tout rezilta yo pou ka detèminen ki pwochen etap pou pran.

  8. Kijan fanmi m ap resevwa medikaman si ta gen yon ijans ?
    Si ta gen yon atak biyoteworis nan Boston, gen anpil moun k ap ka bezwen medikaman tousuit pou yo pa malad. Pou distrivye medikaman sa yo si ta gen ijans, vil la ap louvri plizyè sant distribisyon medikaman. N ap mande moun ale nan sant sa yo pou yo pran medikaman yo bezwen pou fanmi yo. Li ka posib pou faktè yo fè livrezon medikaman sa yo kay moun ki bezwen meidkaman.

  9. Èske se faktè sèl ki a fè livrezon medikaman si ta gen yon ijan biyoteworis ?
    Li enpòtan pou distribye medikaman tousuit nan detwa sitiyasyon ijan e faktè se youn nan metòd pou ditribye medikaman pou ijans.

    Vil la ap gen pou l louvri plizyè sant distribisyon medikaman pou livrezon medikaman ak vaksen vay plizye milye moun, si ta gen yon ijans. Sant distribisyon sa yo ap plizyè kote nan vil la pou moun ka ale chèche medikaman yo pou fanmi yo osnon pou yo pran yon vaksen.

  10. Si ta gen yon vre ijans, kijan w ap avèti tout moun ?
    Si ta gen yon vre ijan, nou mande pou w kote nouvèl lokal pou vil la ak reprezantan sante piblik kite w konnen kijan pou jwenn medikaman epi kijan pou pa gen danje.

  11. Ki kote m ka jwenn plis enfòmasyon sou li epi kijan mwen ka pare pou yon ijans ?
    Pou plis enfòmasyon ale nan : www.readyboston.org

  12. Kiyès k ap patwonnen egzèsis sa a ?
    Se Depatman sante ak sèvis imen federal ansnam ak depatman lapòs ameriken k ap patwonnen egzèsis la. City of Boston, Boston Public Health Commission, Massachusetts Department of Public Health, United States Postal Inspection Service, Boston Police Department, ak National Association of Letter Carriers ap patisipe tou.

  13. Kijan m ka pare pou ijans ?
    Boston ak Boston Public Health Commission rekòmande 8 ti konsèy fanmi ka suiv pou yo pare pou yon ijans. Li bwochi a.

    Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou pare pou yon ijans, ale nan www.bphc.org/prepare epi nan http://www.cityofboston.gov/emergency/.

  14. Kijan m ka ede Boston pare pou yon ijans ?
    Gen yon gwoup benevòl ki rele Boston Medical Reseve Corp, ki gen oswa pa gen fòmasyon medikal men ki ede Boston rete san danje lè gen ijans sou sante piblik. Gen anpil bagay ki rive ki fè n rekonèt li enpòtan pou tout vil pare pou nenpòt ki sitiyasyon, san pa bliye katastwòf natirèl, teworis ak maladi. Oumenm tou ou ka ede tout moun Boston, menm moun ki pi siseptib, resevwa swen yo bezwen lè gen yon sitiyasyon ijan pou sante piblik la. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale nan Medical Reserve Corps

postoffice cob  Health & Human Services  uspis  NALC  bpd logodph seal  bphc seal  
lbcorner   brcorner